Font Size
Travay 2:29-31
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 2:29-31
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
29 Frè m yo, mwen pran libète pou m di nou kareman, zansèt nou David mouri, yo antere li, epi tonbo li toujou la jouk jodi a nan mitan nou. 30 David se te yon pwofèt, epi li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te bay David garanti li t ap fè yon moun nan branch fanmi David chita sou twòn David la kòm wa.[a] 31 David te gentan wè sa Bondye t apral fè a depi byen avan, se sa k fè li te pale konsa konsènan rezireksyon Kris la. Li di:
Bondye pa t kite l kote mò yo ye a,
Bondye pa t kite kò li pouri nan tonbo a.
Footnotes
- 2:30 Bondye te bay … kòm wa Gade nan 2 Sa 7:12, 13 epi nan Sòm 132:11.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International