Add parallel Print Page Options

30 David se te yon pwofèt, epi li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te bay David garanti li t ap fè yon moun nan branch fanmi David chita sou twòn David la kòm wa.[a] 31 David te gentan wè sa Bondye t apral fè a depi byen avan, se sa k fè li te pale kon sa konsènan rezireksyon Kris la. Li di:

Bondye pa t kite l kote mò yo ye a,
    Bondye pa t kite kò li pouri nan tonbo a.

32 Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan nan lanmò. Nou tout te temwen evènman sa a.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:30 Bondye te bay … kòm wa Gade nan 2 Sa 7:12, 13 epi nan Sòm 132:11.