Font Size
Travay 2:40-42
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 2:40-42
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
40 Pyè te di yo anpil lòt pawòl ankò pou fè yo kwè. Li eseye ankouraje yo. Li di yo: “Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan jenerasyon sa a k ap viv nan mechanste.” 41 Konsa, tout moun nan foul la ki te aksepte mesaj Pyè a te resevwa batèm. Nan jou menm sa a, te gen twa mil (3,000) moun ki te vin ajoute sou gwoup kwayan ki te la yo.
Kwayan yo pataje byen yo
42 Kwayan yo te pase tout tan yo ap resevwa ansèyman apot yo. Yo te viv ansanm youn ak lòt tankou frè. Yo te reyini epi yo te manje[a] ansanm epi yo te lapriyè ansanm.
Read full chapterFootnotes
- 2:42 manje Literalman, “kase pen”. Sa ka vle di manje yon repa ansanm osinon lasèn, repa espesyal Jezi te di disip li yo manje pou yo sonje l la. Se menm bagay ak nan vèsè 46. Gade tou nan Lik 22:14-20.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International