Add parallel Print Page Options

Pòl ap pale ak lidè nan legliz Efèz yo

17 Men, lè Pòl rive nan Milè, li voye chache lidè ki responsab nan legliz Efèz yo pou yo vin kote l.

18 Lè yo vini, Pòl di yo konsa: “Nou tout nou konnen kijan m te toujou mennen bak mwen byen nan mitan nou depi jou m te rive an Azi a. 19 Jwif yo t ap fè konplo kont mwen, epi sa te mete m nan sitiyasyon difisil. Men nou konnen m te toujou ap sèvi Senyè a, menmsi gen kèk fwa se ak dlo nan je. M te toujou fè tout sa avèk anpil imilite.

Read full chapter