Font Size
Travay 20:2-4
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 20:2-4
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Li te fòtifye kwayan yo ak anpil pawòl ankourajman nan tout rejyon Masedwàn nan, apre sa l ale nan peyi Lagrès. 3 Apre l te fin pase twa mwa nan peyi Lagrès, Pòl te gentan pare pou l pran batiman pou l al nan peyi Siri. Men, lè l vin konnen te gen kèk Jwif ki t ap planifye yon konplo kont li, Pòl chanje plan an, li retounen pase pa Masedwàn.
4 Men non moun ki te akonpanye Pòl nan vwayaj la: Sopatè, pitit gason Piris la, moun lavil Bere; Aristak ak Sekoundous ki te soti nan vil Tesalonik; Gayis ki te soti nan lavil Dèb; Timote; epi de lòt moun, Tichik ak Twofim ki te soti an Azi.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International