Font Size
Travay 20:20-22
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 20:20-22
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
20 M te toujou fè tout sa ki bon pou nou. M te toujou anonse nou Bòn Nouvèl la devan tout moun, an piblik, epi m te anseye nou tout bagay nan kay yo tou. 21 M te toujou egzòte tout moun, Jwif tankou Grèk, pou yo chanje jan y ap viv la epi pou yo tounen vin jwenn Bondye. M te toujou mande yo pou yo mete konfyans yo nan Jezi, Senyè nou an.
22 Men, kounye a, Sentespri a ap ankouraje m pou m al Jerizalèm. M pa konnen sa k pra l rive m lòtbò a ditou.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International