Add parallel Print Page Options

24 Men, pou mwen menm, m pa gade lavi m tankou yon bagay enpòtan pou m chache pwoteje. Sa k pi enpòtan pou mwen se pou m fè travay Senyè Jezi banm fè a, pou m anonse Bòn Nouvèl konsènan gras Bondye ap ofri moun nan.

25 Kounye a, koute byen sa m ap di nou. M konnen okenn nan nou la a p ap janm wè m ankò. Pandan tout tan m te nan mitan nou an, m te toujou preche nou mesaj konsènan wayòm Bondye a. 26 Se poutèt sa m ap di nou yon bagay jodi a mwen sèten sou li: Bondye p ap ban m pote okenn responsabilite si youn nan nou peri.

Read full chapter