Add parallel Print Page Options

25 Kounye a, koute byen sa m ap di nou. M konnen okenn nan nou la a p ap janm wè m ankò. Pandan tout tan m te nan mitan nou an, m te toujou preche nou mesaj konsènan wayòm Bondye a. 26 Se poutèt sa m ap di nou yon bagay jodi a mwen sèten sou li: Bondye p ap ban m pote okenn responsabilite si youn nan nou peri. 27 M kapab di sa, paske mwen te anonse nou tout verite Bondye te vle m fè nou konnen, san m pa kache nou anyen.

Read full chapter