Add parallel Print Page Options

27 M kapab di sa, paske mwen te anonse nou tout verite Bondye te vle m fè nou konnen, san m pa kache nou anyen. 28 Veye kò nou, nou menm; epi veye sou tout pèp Sentespri Bondye a ban nou responsab la. Sentespri a ban nou responsabilite pou n pran swen legliz Bondye a[a] tankou bèje pran swen twoupo,[b] yon legliz Senyè a achte ak pwòp san li. 29 M konnen apre m fin ale, ap gen moun k ap vin antre nan mitan nou pou kraze legliz la tankou chyen mawon fè twoupo mouton.

Read full chapter

Footnotes

  1. 20:28 legliz Bondye a Kèk kopi nan lang Grèk gen “legliz Senyè a”.
  2. 20:28 twoupo Mo twoupo a vle di anpil mouton. Nan kontèks sa a, li vle di anpil kwayan nan Jezikris k ap swiv lidè yo tankou mouton k ap swiv bèje yo.