Add parallel Print Page Options

23 Oke, n ap di w sa pou w fè: Gen kat mesye pami nou ki fè yon ve.[a]

24 Pran mesye sa yo avè w epi patisipe nan seremoni pirifikasyon[b] y ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a. Pran responsabilite pou w peye depans pou yo koupe cheve yo.[c] Sa ap fè tout moun wè sa yo te tande moun di sou ou yo se pa t verite a. Y a wè ou pratike lalwa Moyiz la nan pwòp lavi pa w tou.

25 Pou sa k konsène payen ki vin kwè nan Jezikris yo, nou menm nou te jije bon pou n voye yon lèt ba yo pou di yo bagay sa yo:

Yo pa dwe manje vyann bèt yo te touye pou ofri bay zidòl.

Yo pa dwe manje vyann bèt ki te mouri toufe osinon vyann ki ak tout san ladan yo.

Egzante tout kalite peche seksyèl.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 21:23 ve Li pwobab se yon ve Nazireyen, yon peryòd kote yon moun pwomèt pou l konsakre l epi pou l fè sèvis pou Bondye. Gade Nazireyen nan Lis Mo yo.
  2. 21:24 seremoni pirifikasyon Seremoni espesyal yo te konn fè pou mete yon bout nan ve Nazireyen an. Gade vèsè 26 la tou.
  3. 21:24 koupe cheve yo Sa te montre ve a te fin i.