Travay 21:25-27
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
25 Pou sa k konsène payen ki vin kwè nan Jezikris yo, nou menm nou te jije bon pou n voye yon lèt ba yo pou di yo bagay sa yo:
Yo pa dwe manje vyann bèt yo te touye pou ofri bay zidòl.
Yo pa dwe manje vyann bèt ki te mouri toufe osinon vyann ki ak tout san ladan yo.
Egzante tout kalite peche seksyèl.”
Yo arete Pòl nan lakou Tanp lan
26 Pòl te chwazi pran kat mesye yo avèk li vre. Nan demen, li te patisipe vre nan seremoni yo t ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye a. Apre sa, Pòl antre nan lakou Tanp lan pou l al anonse ki lè peryòd pirifikasyon an t ap fin i. Nan dènye jou a, yo t ap gen pou prezante yon of rann pou chak mesye yo.
27 Lè peryòd sèt jou a te prèske fin i, yon kolonn Jwif ki te soti an Azi epi ki te wè Pòl nan lakou tanp lan, tonbe monte tèt foul la. Konsa, yo mete men sou Pòl.
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International