Add parallel Print Page Options

32 Rapid rapid, kòmandan batayon an te pran kèk ofisye ansanm ak kèk sòlda, li kouri desann kote foul la te rasanble a. Lè foul la wè kòmandan batayon an ansanm ak kèk ofisye epi ak sòlda yo, yo sispann bay Pòl kou.

33 Lè sa a, kòmandan batayon an avanse sou Pòl, li arete l. Li bay lòd pou yo mare Pòl ak de chenn. Apre sa, li mande: “Ki lès nonm sa ye? Ki mal li fè?” 34 Nan mitan foul la, moun yo t ap rele byen fò. Yon gwoup t ap di yon bagay, yon lòt gwoup t ap di yon lòt bagay. Lè kòmandan an wè li p ap konprann anyen nan tout woywoy sa a, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn nan.

Read full chapter