Font Size
Travay 21:34-36
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 21:34-36
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
34 Nan mitan foul la, moun yo t ap rele byen fò. Yon gwoup t ap di yon bagay, yon lòt gwoup t ap di yon lòt bagay. Lè kòmandan an wè li p ap konprann anyen nan tout woywoy sa a, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn nan. 35 Lè yo rive sou mach eskalye yo avèk Pòl, sòlda yo te oblije pote l, tèlman foul la te vin vyolan. 36 Paske se tout foul la nèt ki t ap swiv li epi k t ap rele byen fò: “Touye l!”
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International