Add parallel Print Page Options

11 M pa t ka wè anyen, paske gwo limyè a te rann mwen avèg. Se moun ki te avè m yo ki pran men m, yo kondui m antre nan vil Damas la.

12 Yon nonm yo te rele Ananyas[a] te vin kote m. Ananyas sa a, se te yon moun ki te konsakre l bay Bondye epi li t ap swiv lalwa Moyiz la san fot. Sa te fè tout Jwif ki te rete nan zòn nan te bay bon temwanyaj pou li. 13 Ananyas vin kote m, li di m: Sòl, frè m nan, se pou ou wè nan je w ankò! Lamenm, m te wè Ananyas.

Read full chapter

Footnotes

  1. 22:12 Ananyas Nan Travay, gen twa moun ki pote non sa a. Gade nan Trav 5:1 ak 23:2 pou de lòt yo.