Font Size
Travay 22:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 22:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
12 Yon nonm yo te rele Ananyas[a] te vin kote m. Ananyas sa a, se te yon moun ki te konsakre l bay Bondye epi li t ap swiv lalwa Moyiz la san fot. Sa te fè tout Jwif ki te rete nan zòn nan te bay bon temwanyaj pou li. 13 Ananyas vin kote m, li di m: Sòl, frè m nan, se pou ou wè nan je w ankò! Lamenm, m te wè Ananyas.
14 Ananyas di m: Menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a, li te gentan chwazi w depi lontan pou fè w konnen volonte l. Li chwazi w pou l te fè w wè Kris la, sila a ki mache dwat devan l lan epi pou fè w tande pawòl ki soti nan bouch Kris la tou.
Read full chapterFootnotes
- 22:12 Ananyas Nan Travay, gen twa moun ki pote non sa a. Gade nan Trav 5:1 ak 23:2 pou de lòt yo.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International