Add parallel Print Page Options

13 Ananyas vin kote m, li di m: Sòl, frè m nan, se pou ou wè nan je w ankò! Lamenm, m te wè Ananyas.

14 Ananyas di m: Menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a, li te gentan chwazi w depi lontan pou fè w konnen volonte l. Li chwazi w pou l te fè w wè Kris la, sila a ki mache dwat devan l lan epi pou fè w tande pawòl ki soti nan bouch Kris la tou. 15 Paske se ou k ap rann temwanyaj pou li devan tout moun. W ap gen pou w rakonte yo sa w wè ak sa w tande.

Read full chapter