Add parallel Print Page Options

18 M wè Senyè a parèt devan m, li di m: Prese kite Jerizalèm kounye a menm. Moun Jerizalèm yo p ap aksepte verite temwanyaj w ap bay pou mwen an.

19 Mwen di: Senyè, moun yo konnen trè byen se mwen menm ki te konn ap mache nan sinagòg yo pou pouswiv kwayan yo. Se mwen ki te konn ap arete yo met nan prizon epi bat yo byen bat tou. 20 Menm lè yo t ap touye Etyèn, sila a ki t ap rann temwanyaj pou ou a, moun yo konnen m te la tou. M te dakò menm pou yo touye Etyèn. Se mwen k te siveye manto moun ki t ap touye l yo.

Read full chapter