Add parallel Print Page Options

24 Lè sa a, kòmandan Women an fè sòlda yo antre ak Pòl nan kazèn nan. Li pase lòd pou yo bat Pòl pou fè l pale, pou yo ka konn kisa k fè moun yo revòlte kont li konsa a. 25 Pandan yo t ap mare Pòl pou y al bat li, li di yon ofisye ki te la: “Èske nou gendwa bat yon sitwayen Women okenn tribinal pa kondane?”

26 Lè ofisye a tande Pòl di sa, l al anonse kòmandan an sa. Li di l: “Ki sa w pral fè la a? Nonm nan se yon sitwayen Women l ye wi!”

Read full chapter