Add parallel Print Page Options

Mwen te pèsekite moun ki t ap swiv chemen Kris la. Gen ladan yo yo touye poutèt mwen menm. Mwen te konn mache arete fi kou gason pou mete yo nan prizon.

Gran prèt la ansanm ak tout asanble Gran Konsèy lidè Jwif yo kapab sètifye sa m ap di a. Se lidè sa yo menm ki te ban m lèt pou prezante m bay kòlèg Jwif ki nan lavil Damas yo. M t apral Damas pou m al arete disip Jezikris yo, pou m te vin avèk yo nan Jerizalèm pou yo te ka pini yo.

Pòl rakonte istwa konvèsyon l

Men, te gen yon bagay ki te rive m sou wout pandan m t apral Damas la. Sanzatann konsa, bò midi, yon gwo limyè sot nan syèl la, li klere m toutotou.

Read full chapter