Add parallel Print Page Options

17 Konsa, Pòl rele youn nan ofisye sòlda yo, li di l: “Mennen ti jenn nonm sa a kot kòmandan an. Li gen yon mesaj pou li.” 18 Konsa, ofisye a mennen neve Pòl la bay kòmandan an. Ofisye a di kòmandan an: “Prizonye yo rele Pòl la mande m pou m mennen ti jenn nonm sa a ba ou, paske li gen yon mesaj pou ou.”

19 Kòmandan an mennen ti jenn nonm nan yon kote apa pou l ka alèz pou l pale; epi kòmandan an mande l: “Ki sa ou gen pou di m nan?”

Read full chapter