Add parallel Print Page Options

26 Klod Lizyas,

voye bonjou pou chèf li

gouvènè Feliks.

27 Jwif yo te mete men sou nonm sa a m voye ba ou a, yo te menm ap chache touye l. Men, lè m vin konnen se sitwayen Women l ye, m antre nan foul la ansanm ak sòlda m yo, nou delivre l. 28 M te kirye pou m konnen ki akizasyon yo te gen kont li, sa te fè m fè yo mennen l devan Gran Konsèy Jwif yo.

Read full chapter