Add parallel Print Page Options

27 Jwif yo te mete men sou nonm sa a m voye ba ou a, yo te menm ap chache touye l. Men, lè m vin konnen se sitwayen Women l ye, m antre nan foul la ansanm ak sòlda m yo, nou delivre l. 28 M te kirye pou m konnen ki akizasyon yo te gen kont li, sa te fè m fè yo mennen l devan Gran Konsèy Jwif yo. 29 M vin aprann yo t ap repwoche l kèk bagay, men sa yo se bagay ki gen pou wè ak lalwa yo a, men pa t gen anyen ki pou ta fè nonm sa a merite ni prizon ni lanmò.

Read full chapter