Add parallel Print Page Options

28 M te kirye pou m konnen ki akizasyon yo te gen kont li, sa te fè m fè yo mennen l devan Gran Konsèy Jwif yo. 29 M vin aprann yo t ap repwoche l kèk bagay, men sa yo se bagay ki gen pou wè ak lalwa yo a, men pa t gen anyen ki pou ta fè nonm sa a merite ni prizon ni lanmò. 30 Yo te aprann mwen tou te gen kèk Jwif ki t ap marinen yon konplo pou asasinen l. Konsa, m deside voye l ba ou. M di Jwif yo tou pou yo di w ak bouch pa yo kisa yo genyen kont li.

Read full chapter