Add parallel Print Page Options

Moun ki te la yo di Pòl konsa: “W ap manke pi gran sakrifikatè Bondye a dega!”

Pòl reponn: “Frè m yo, m pa t konn si se te pi gran sakrifikatè a; paske m konnen pawòl la di: Nou pa dwe di anyen mal kont yon chèf ki nan mitan pèp ou a.”[a]

Kòm Pòl te konnen Konsèy la te gen Sadiseyen ansanm Farizyen ladan l, li tonbe di byen fò devan yo: “Frè m yo, mwen menm se yon Farizyen mwen ye. Papa m tou se te yon Farizyen! Si nou wè mwen menm, m ap jije devan tribinal se poutèt esperans mwen genyen pou m di mò yo gen pou yo resisite!”

Read full chapter

Footnotes

  1. 23:5 Sitasyon sa a soti nan Egz 22:28.