Add parallel Print Page Options

11 Sa fè douz jou depi m te monte Jerizalem pou m al adore Bondye. Ou kapab verifye sa pou wè si se pa vre. 12 Jwif sa yo k ap akize m nan pa t jwenn mwen nan diskisyon ak okenn moun nan tanp lan ni simen latwoublay ak okenn moun. Yo pa t jwenn mwen ap diskite ni simen latwoublay nan okenn sinagòg nonplis ni okenn lòt kote nan vil la. 13 Yo pa kapab bay okenn prèv nonplis sou bagay y ap akize m di m fè yo.

Read full chapter