Add parallel Print Page Options

12 Jwif sa yo k ap akize m nan pa t jwenn mwen nan diskisyon ak okenn moun nan tanp lan ni simen latwoublay ak okenn moun. Yo pa t jwenn mwen ap diskite ni simen latwoublay nan okenn sinagòg nonplis ni okenn lòt kote nan vil la. 13 Yo pa kapab bay okenn prèv nonplis sou bagay y ap akize m di m fè yo.

14 M ap konfese sa devan w: Se menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a m ap sèvi, antan yon moun k ap swiv Chemen[a] an, sa Jwif sa yo di k pa bon chemen an. Epoutan, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 24:14 Chemen Sa vle di Chemen Jezikris la.