Add parallel Print Page Options

13 Yo pa kapab bay okenn prèv nonplis sou bagay y ap akize m di m fè yo.

14 M ap konfese sa devan w: Se menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a m ap sèvi, antan yon moun k ap swiv Chemen[a] an, sa Jwif sa yo di k pa bon chemen an. Epoutan, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo. 15 Menm esperans Jwif sa yo genyen nan Bondye a, se li m genyen tou; esperans kote Bondye ap fè tout moun nèt, bon tankou mechan, resisite.

Read full chapter

Footnotes

  1. 24:14 Chemen Sa vle di Chemen Jezikris la.