Font Size
Travay 24:15-18
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 24:15-18
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
15 Menm esperans Jwif sa yo genyen nan Bondye a, se li m genyen tou; esperans kote Bondye ap fè tout moun nèt, bon tankou mechan, resisite. 16 Se poutèt sa m toujou fè jefò pou m fè sa m kwè ki bon devan Bondye ak devan tout moun.
17-18 Sa fè anpil ane depi m te kite vil Jerizalèm. Kounye a m retounen vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an. Pandan m la, m te tou pwofite fè yon ofrann bèt pou Bondye nan tanp lan. Se sa m t ap fè lè Jwif yo te wè m nan tanp lan. M te gentan fini ak seremoni pirifikasyon an.[a] Pa t gen foul moun ki te rasanble, ni pa t gen kras dezòd ki t ap fèt.
Read full chapterFootnotes
- 24:17-18 seremoni pirifikasyon an Seremoni espesyal yo te konn fè pou mete yon bout nan ve Nazireyen an. Gade Nazireyen nan Lis Mo yo.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International