Font Size
Travay 24:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 24:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
17-18 Sa fè anpil ane depi m te kite vil Jerizalèm. Kounye a m retounen vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an. Pandan m la, m te tou pwofite fè yon ofrann bèt pou Bondye nan tanp lan. Se sa m t ap fè lè Jwif yo te wè m nan tanp lan. M te gentan fini ak seremoni pirifikasyon an.[a] Pa t gen foul moun ki te rasanble, ni pa t gen kras dezòd ki t ap fèt. 19 Te gen yon kolonn Jwif ki te soti an Azi ki te la lè sa a. Se yo menm ki ta pou vin pote akizasyon kont mwen la a, si yo te wè m fè yon bagay ki mal.
Read full chapterFootnotes
- 24:17-18 seremoni pirifikasyon an Seremoni espesyal yo te konn fè pou mete yon bout nan ve Nazireyen an. Gade Nazireyen nan Lis Mo yo.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International