Add parallel Print Page Options

19 Tout akizasyon yo te pote se te bagay ki konsène pwòp relijyon yo epi sa ki konsène yon nonm yo te rele Jezi. Jezi sa a te mouri, men Pòl di li toujou vivan. 20 Kòm m pa t gen yon ide ditou sou kijan pou m ta jije yon bagay konsa, m te mande Pòl: Èske w ta vle m voye w Jerizalèm pou al jije laba a? 21 Men Pòl mande pou l konparèt devan Anperè a pito. Konsa, m pase lòd pou l rete nan prizon isit la Sezare jouktan m jwenn okazyon pou m voye l bay Seza nan lavil Wòm.”

Read full chapter