Add parallel Print Page Options

23 Vrèman vre, nan landmen, Agripa ak Berenis vini ak gwo kòtèj ansanm ak yo. Yo antre nan sal odyans la ansanm ak yon ekip chèf militè ak yon bann notab lavil la tou ansanm ak yo. Festis pase sòlda yo lòd epi yo mennen Pòl vini.

24 Festis pran lapawòl, li di: “O Wa Agripa, nou tout ki rasanble isit la, nou wè nonm sa a! Tout pèp Jwif la, kit se isit la Sezare, kit se Jerizalèm, yo pote m plent pou li. Chak fwa yo pote plent pou li, y ap rele mande pou l mouri. 25 Lè m tande li, m pa jwenn li koupab de anyen pou l ta merite lanmò. Men, li menm li mande pou Seza tande koz li. Konsa mwen deside voye l nan lavil Wòm.

Read full chapter