Add parallel Print Page Options

Li di: “Wa Agripa, se avèk anpil kè kontan m ap pran lapawòl jodi a, pou m defann tèt mwen devan w kont tout akizasyon Jwif yo ap plede pote kont mwen yo. Mwen kontan, paske ou menm ou gen anpil konesans sou koutim Jwif yo ansanm ak tout bann kesyon yo renmen diskite yo. Silvouplè, pran yon ti pasyans pou tande m.

Tout Jwif yo konnen temwanyaj lavi m. Yo konnen trè byen fason m te toujou viv nan mitan pèp mwen an depi nan kòmansman ak ki fason m viv nan Jerizalèm.

Read full chapter