Add parallel Print Page Options

Pòl ap eseye konvenk Agripa

24 Pandan Pòl t ap defann tèt li konsa, Festis di byen fò, “Pòl, ou gen lè pèdi tèt ou! Twòp etid fè w fou.”

25 Pòl reponn, “Onorab Festis, mwen pa fou. Sa m ap di la se verite a. Se pawòl bon sans m ap pale. 26 Wa Agripa konnen tout sa m ap di la a, sa fè m kapab pale ak tout libète m devan l. Mwen konnen l tande pale de bagay sa yo, paske yo rive kote tout moun te kapab wè yo.

Read full chapter