Add parallel Print Page Options

Pòl pran batiman pou Wòm

27 Yo te deside fè nou pran bato pou n ale Itali. Yo livre Pòl ansanm ak kèk lòt prizonye bay yon ofisye women yo rele Jiliyis. Se te yon ofisye ki t ap sèvi nan gwoup espesyal Anperè a te genyen. Nou te monte nan yon bato ki te soti lavil Adramit epi ki te dwe pase plizyè kote nan pwovens Lazi a. Epi nou pati. Aristak, moun Tesalonik nan Masedwàn, te ale ansanm ak nou.

Nan denmen, nou rive lavil Sidon. Jiliyis te byen trete Pòl epi li te ba li libète pou l al vizite zanmi l yo laba a, kote yo te bay Pòl tout sa l te bezwen.

Read full chapter