Font Size
Travay 27:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 27:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
10 Li di yo: “Mezanmi, mwen rann mwen kont vwayaj la vin mete nou an danje. Nou ka pèdi bato a, ak tout sa ki ladan l, epi nou ka pèdi menm lavi nou tou.” 11 Men ofisye a te mete konfyans li pi plis nan kapitèn nan ansanm ak pwopriyetè bato a pase nan sa Pòl t ap di a. 12 Poutèt zòn s a pa t yon zòn kote yo te kapab pase sezon livè a, pi fò nan mesye yo te deside leve lank pou eseye rive nan yon pò yo rele Feniks. Se te yon pò nan zòn Krèt ki te bay sou Sidwès ak Nòdwès. Se la yo te panse pase sezon livè a.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International