Font Size
Travay 27:11-13
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 27:11-13
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
11 Men ofisye a te mete konfyans li pi plis nan kapitèn nan ansanm ak pwopriyetè bato a pase nan sa Pòl t ap di a. 12 Poutèt zòn s a pa t yon zòn kote yo te kapab pase sezon livè a, pi fò nan mesye yo te deside leve lank pou eseye rive nan yon pò yo rele Feniks. Se te yon pò nan zòn Krèt ki te bay sou Sidwès ak Nòdwès. Se la yo te panse pase sezon livè a.
Yon tanpèt
13 Yon van ki soti nan sid te kòmanse ap soufle toudousman. Lè sa a, mesye yo panse pwojè yo a t ap gen chans reyisi. Yo leve lank epi nou t ap eseye vanse bò kote zile Krèt la.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International