Add parallel Print Page Options

15 Van an te pati avèk bato a. Bato a pa t kapab konbat ak van an. Lè nou wè sa, nou rezinye nou kite van an pote bato a ale.

16 Lè nou vin ap pase bò yon ti zile yo rele Koda, nou te resi rejwenn ti kannòt[a] la, apre anpil efò. 17 Lè mesye yo te fin mete ti kannòt la anndan bato a, yo mare l epi yo sentire l byen sentire. Mesye yo te pè pou yo pa t al chwe sou bò sab ki nan gòf Libi yo. Poutèt sa, yo jete lank pou fè yo flote epi yo kite van an mennen yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 27:16 kannòt Kannòt sa a pa t yon kannòt sekou. Se te kòm yon ti bato yon gwo bato t ap rale. Yo te itilize l pou plizyè bagay.