Add parallel Print Page Options

16 Lè nou vin ap pase bò yon ti zile yo rele Koda, nou te resi rejwenn ti kannòt[a] la, apre anpil efò. 17 Lè mesye yo te fin mete ti kannòt la anndan bato a, yo mare l epi yo sentire l byen sentire. Mesye yo te pè pou yo pa t al chwe sou bò sab ki nan gòf Libi yo. Poutèt sa, yo jete lank pou fè yo flote epi yo kite van an mennen yo.

18 Nan denmen, tanpèt la te tèlman ap frape nou byen fò toujou, maren yo te voye enpe nan machandiz yo jete nan lanmè.[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 27:16 kannòt Kannòt sa a pa t yon kannòt sekou. Se te kòm yon ti bato yon gwo bato t ap rale. Yo te itilize l pou plizyè bagay.
  2. 27:18 enpe nan machandiz yo jete nan lanmè Mesye yo te fè sa pou fè bato a vin pi lejè pou l pa koule twò fasil.