Add parallel Print Page Options

19 Nan denmen, yo voye ekipman bato a ansanm ak tout vwal yo jete nan lanmè. 20 Sa te fè plizyè jou kote pa t gen ni solèy ni zetwal nan syèl la epi tanpèt la te byen fò toujou. Lè sa a, nou te pèdi tout espwa nou t ap rete vivan.

21 Mesye yo pa t manje depi byen lontan. Epi yon jou, Pòl kanpe devan mesye epi li di yo: “Mesye m te di nou pa kite zile Krèt la. Nou te dwe koute m. Lè sa a, nou pa t ap nan tout pwoblèm sa yo epi pèdi tout bagay sa yo.

Read full chapter