Add parallel Print Page Options

Nou te monte nan yon bato ki te soti lavil Adramit epi ki te dwe pase plizyè kote nan pwovens Lazi a. Epi nou pati. Aristak, moun Tesalonik nan Masedwàn, te ale ansanm ak nou.

Nan denmen, nou rive lavil Sidon. Jiliyis te byen trete Pòl epi li te ba li libète pou l al vizite zanmi l yo laba a, kote yo te bay Pòl tout sa l te bezwen. Nou pati kite vil sa a epi nou navige pase toupre zile Chip, paske van an t ap soufle nan yon sans kontrè.

Read full chapter