Add parallel Print Page Options

Nou navige lantman pandan plizyè jou. Se te avèk anpil efò nou te rive sou kòt Nid. Men poutèt van an pa t pèmèt nou ale pi lwen, nou te navige pase nan sid zile Krèt ki toupre ak Salmone. Nou navige toupre kòt la, men sa pa t fasil menm. Nou vin rive yon kote yo rele “Bon Pò yo”, toupre lavil Lize.

Men nou te pèdi anpil tan epi sa te tounen yon danje pou nou ta kontinye vwayaj la. Jou Jwif yo te konn fè jèn[a] nan te gentan pase. Lè sa a, Pòl bay maren yo yon avètisman.

Read full chapter

Footnotes

  1. 27:9 Jou Jwif yo te konn fè jèn Jèn yo pale isit la, se te jèn nan Jou Pirifikasyon an. Jou sa a te enpòtan anpil. Sete nan sezon otòn nan ane a. Se te yon sezon kote te konn gen kèk move loray sou lanmè a.