Font Size
Travay 27:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 27:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
9 Men nou te pèdi anpil tan epi sa te tounen yon danje pou nou ta kontinye vwayaj la. Jou Jwif yo te konn fè jèn[a] nan te gentan pase. Lè sa a, Pòl bay maren yo yon avètisman. 10 Li di yo: “Mezanmi, mwen rann mwen kont vwayaj la vin mete nou an danje. Nou ka pèdi bato a, ak tout sa ki ladan l, epi nou ka pèdi menm lavi nou tou.” 11 Men ofisye a te mete konfyans li pi plis nan kapitèn nan ansanm ak pwopriyetè bato a pase nan sa Pòl t ap di a.
Read full chapterFootnotes
- 27:9 Jou Jwif yo te konn fè jèn Jèn yo pale isit la, se te jèn nan Jou Pirifikasyon an. Jou sa a te enpòtan anpil. Sete nan sezon otòn nan ane a. Se te yon sezon kote te konn gen kèk move loray sou lanmè a.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International