Font Size
Travay 28:15-17
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 28:15-17
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
15 Frè ak sè yo nan lavil Wòm te tande pale de nou epi yo te soti pou vin rankontre nou nan yon mache ki nan zòn Apiyis[a] ak Twa Otèl.[b] Lè Pòl te wè kretyen sa yo, li remèsye Bondye epi li te santi l ankouraje.
Pòl nan lavil Wòm
16 Lè nou rive lavil Wòm, yo te bay Pòl pèmisyon pou l te viv pou kont li. Men te gen yon sòlda ki te dwe rete avè l pou siveye l.
17 Apre twa jou, Pòl te envite lidè Jwif yo lakay li. Lè yo te fin reyini ansanm, Pòl di yo, “Frè yo, mwen pa fè anyen ki mal kont pèp nou an oubyen kont koutim zansèt nou yo. Men yo arete m nan Jerizalèm epi yo livre m bay women yo.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International