Font Size
Travay 28:25-27
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 28:25-27
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
25 Lè a te rive pou yo pati, men yo pa t dakò youn ak lòt. Pòl te sèlman di mesye yo: “Sa Sentespri a te di sou zansèt nou yo pa mwayen pwofèt Ezayi a se verite a:
26 Ale kote pèp sa a epi di li:
Ou ap koute sou koute,
men ou p ap konprann anyen.
Ou ap gade sou gade,
men ou p ap wè anyen.
27 Kè pèp sa a vin tounen zanpoud.
Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande,
yo fèmen je yo pou yo pa wè.
Si kè yo pa t tounen zanpoud
yo ta wè ak je yo,
yo ta tande ak zòrèy yo,
yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen,
mwen ta geri yo.[a]
Footnotes
- 28:26-27 Sitasyon sa a soti nan Eza 6:9-10.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International