Add parallel Print Page Options

11 Sa k te pase a te fè gwo lapèrèz anvayi tout kwayan yo nan legliz la, ak sou tout lòt moun ki te tande nouvèl la.

Prèv pou montre se Bondye ki voye apot yo

12 Apot yo t ap fè anpil mirak ak anpil gwo mèvèy pami pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba yon galeri nan tanp lan yo rele galeri Salomon epi yo tout te gen menm objektif nan travay la. 13 Nan lè sa a, pèsonn nan rès pèp la pa t vle mele ak apot yo, apa moun ki te kwè yo. Epoutan, se tout pèp la nèt ki t ap pale byen de yo.

Read full chapter