Add parallel Print Page Options

20 “Retounen al kanpe nan mitan Tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan yo dwe viv kounye a nan nouvo lavi sa a.” 21 Tande apot yo fin tande sa, yo te fè sa yo te tande a. Depi byen bonè nan maten, apot yo te gentan rive nan Tanp lan epi yo t ap anseye pèp la. Pi gran sakrifikatè a ansanm ak patizan l yo te konvoke yon reyinyon pou Gran Konsèy la ansanm ak lidè ki pi ansyen yo. Yo voye chache apot nan prizon an mennen bay yo.

22 Lè gad yo rive nan prizon an, yo pa jwenn Apot yo. Yo tounen nan reyinyon an vin rapòte sa k pase a.

Read full chapter