Add parallel Print Page Options

33 Lè lidè ki te nan Konsèy la tande pawòl sa yo, yo te tèlman fache jouk yo te rive pran desizyon pou yo te fini ak apot yo. 34 Konsa, youn nan manm Konsèy la leve kanpe. Se te yon farizyen yo te rele Gamalyèl. Nonm sa a se te yon pwofesè lalwa tou epi tout pèp la te respekte. Li mande pou yo fè apot yo fè yon ti soti pou yon ti moman pou l ka di sa l gen pou di a. 35 Gamalyèl di konsa: “Mesye frè m yo, fòk nou pran tèt nou byen wi, anvan nou fè sa nou gen entansyon fè ak mesye yo.

Read full chapter