Font Size
Travay 7:29-31
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 7:29-31
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
29 Lè Moyiz tande moun pèp Izrayèl la di pawòl sa a, li chape poul li. Li kouri kite peyi Lejip pou l al viv nan peyi Madyan kòm etranje. Pandan l nan peyi Madyan, Moyiz vin gen madanm epi se la li fè de pitit gason.
30 Karant (40) an apre sa, pandan Moyiz te nan dezè ki bò mòn Sinayi a, yon anj parèt devan li nan mitan yon flanm dife ki t ap boule nan yon touf bwa. 31 Lè Moyiz wè flanm dife a nan touf bwa a, sa te fè l sezi. Li pwoche pi pre pou wè sa k genyen. Lè sa a, li tande yon vwa ki pale. Se te vwa Senyè a.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International