Add parallel Print Page Options

35 Se menm Moyiz sa a pèp la te rejte lè yo te di: Ki lès ki mete w chèf pou gouvène nou epi pou jije nou?[a] Se menm li menm nan Bondye voye pou l yon chèf sou yo ak yon sovè pou yo tou, avèk konkou anj ki te parèt devan li nan touf bwa a. 36 Se Moyiz ki te mennen pèp la soti kite peyi Lejip. Li te fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan peyi Lejip la menm, devan lanmè wouj la, nan dezè a, pandan karant (40) ane.

37 Se menm Moyiz sa a tou ki te di pèp Izrayèl la pawòl sa yo: Bondye gen pou l fè yon pwofèt parèt nan mitan nou. Se youn pami nou l ap ye tou, menm jan ak mwen.[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 7:35 Sitasyon sa a soti nan Egz 2:14.
  2. 7:37 Sitasyon sa a soti nan Det 18:15.