Add parallel Print Page Options

38 Se li menm ki te ansanm ak pèp Bondye a lè yo te nan dezè a. Li te nan dezè a ansanm ak zansèt nou yo ak anj Bondye a ki t ap pale ak li sou gwo mòn Sinayi a. Li te resevwa pawòl vivan an nan men anj lan pou l transmèt li ban nou.

39 Men zansèt nou yo te refize obeyi Moyiz. Okontrè, yo te rejte otorite l. Sèl sa k te nan tèt yo, se pou yo ta tounen tounen yo nan peyi Lejip. 40 Yo di Arawon konsa: Fè kèk lòt bondye pou nou ki pou mache devan nou pou dirije nou, paske Moyiz ki te mennen nou soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa k pase avè l.[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 7:40 Sitasyon sa a soti nan Egz 32:1.